Temporary Protected Status for Haiti has been terminated by the Trump administration, effective July 22, 2019. Workers from Haiti need to file an application to re-register for TPS status by no later than March 19, 2018.

The steps on how to re-register for TPS are listed below in Creole. For the English version, and for more information on TPS, visit  What You Need to Know About TPS Terminations.

Kijan pou Re-Enskri pou TPS

Etap 1: Prepare dosye aplikasyon w

  • Li dwe genyen
    • Fòmilè I-821, Aplikasyon pou Estati Pwoteksyon Tanporè
    • Fòmilè I-765, Aplikasyon pou Otorizasyon Anplwa (EAD)
    • Yon kopi, rekto vèso, de dènye dokiman TPS ou a
    • Frè pou depoze dosye se $495 ($410 pou aplikasyon EAD ak $85 pou byometrik) oswa Fòmilè I-912,  Demann pou Pa Peye
  • Tout fòmilè yo ka telechaje gratis sou uscis.gov/tps.
  • Pa bliye pou siyen aplikasyon w lan.

Etap 2: Voye dosye aplikasyon w lan

  • Adrès ki koresponn pou peyi ak eta ou a nan uscis.gov/tps.
  • Yo dwe resevwa aplikasyon w lan van dat limit lan, pa aprè. Si posib, voye l pa kourye rekòmande.

Etap 3: Tann konfimasyon

  • USCIS ap voye yon avi de resepsyon depi li konfime ke aplikasyon an konplè. Nan tèt avi an wap jwenn nimewo resi a ke wap ka itilize pou verifye estati dosye w lan anliy.
  • Si ou pa resevwa resi a depi sou twa semèn aprè depo, rele sèvis kliyantèl la nan at 1-800-375-5283 pou mande èd.
  • Si yo refize aplikasyon w lan depi sou premye stad verifikasyon an, ou ka fè yon lòt depo avan peryòd enskripsyon an fini lew fin korije pwoblem yo dekri nan nòt la.

Etap 4: Verifikasyon byometrik

  • Si USCIS bezwen pran foto w, siyati w ak/oswa anprent ou, lap voye ba ou yon nòt randevou pou pran done byometrik ou nan yon Sant Sipò pou Aplikasyon( ASC).
  • Lèò ou prale nan yon ASC, ou dwe pote:
    • Prèv sou idantite w ak nasyonalite w avèk yon foto w, tankou paspò
    • Resi ak nòt randevou ASC ou
    • EAD ou genyen kounya, si ou deja genyen youn

Etap 5: Desizyon final

  • Pandan pwosesis verifikasyon an, USCIS ka mandew lòt dokiman pou gade si ou elijib pou TPS lan. Si ou  resevwa yon demann pou Prèv oswa yon nòt avek entasyon pou anile, li enpòtan anpil pou reponn rapid  pou evite pwosesis la retade oswa anile paske ou pat reponn a tan.
  • Depi ou kalifye nan dosye ou an, USCIS ap voye ba ou yon nòt aprobasyon ak yon nouvo EAD.

Etap 6: Mete a jou dosye w nan tavay ou.

  • Prezante nouvo pèmi travay ou bay resous imèn pou kenbe dosye ou a jou.

Kontakte reprezantan sendika ou pou sipò oswa yon referans pou asistans legal.

Download the PDF