Press Release | Immigration

AFL-CIO kondane desizyon Lakou Siprèm nan pou mete fen nan TPS pou travayè imigran yo

Prezidan AFL-CIO a, Liz Shuler, te pibliye deklarasyon sa a an repons a desizyon Lakou Siprèm nan jodi a ki pèmèt administrasyon Trump la mete fen nan pwoteksyon Estati Pwoteksyon Tanporè (Temporary Protected Status, TPS) la:

Desizyon jodi a se yon gwo kou ki fè anpil mal pou fanmi k ap travay yo ak pou estabilite ekonomi nou an. Nou kanpe avèk fyète ak manm presye sendika nou yo ak kominote nou yo avèk TPS pandan n ap kontinye batay alontèm pou lajistis.

Lè tribinal la pèmèt administrasyon Trump lan pa respekte lalwa, li mete lavi ak mwayen pou viv jiska plizyè santèn milye travayè an danje. Moun ki gen TPS ki soti Ayiti, Siri ak lòt peyi te vin isit la pou yo te sove anba danje, enstabilite ak kriz. Yo bati lavi yo isit la, yo antre nan sendika, epi yo vin fè yon sèl ak espas travay nou yo ansanm ak ekonomi nou an.

Ann klè sou kilès k ap peye pri desizyon sa a: se moun k ap travay yo. Se pa sèlman yon move bagay—se yon fòmil tou ki pral mennen nan dezas ekonomik, k ap kreye dezòd nan espas travay yo, k ap deranje sektè kòporasyon ki enpòtan yo, epi k ap rann li pi fasil pou move patwon pwofite sou laperèz moun pou yo rabese nivo ak kondisyon travay yo pou tout moun nèt.

Pwogram kont imigran administrasyon Trump lan ap chèche mete moun k ap travay yo yonn kont lòt—men mouvman sendikal la rejte politik laperèz sa a. Kongrè a dwe aji imedyatman pou pwoteje moun ki gen TPS yo epi estabilize mendèv nou an lè yo kreye yon chemen laj ak rapid pou jwenn sitwayènte pou moun ki travay pou ede peyi nou an pwospere. N ap kontinye goumen ansanm ak travayè imigran yo ak fanmi yo, paske lè ou blese yonn, ou blese nou tout.

Kontak Dakar Lanzino, 202-637-5018